Categories: Poésie

Sou beton Pòtoprens

Temps de lecture:1 minutes, 1 secondes

Sou beton Pòtoprens

Sou beton Pòtoprens, tranbleman-d tè pase, alarive li pote ale tout sa-n te posede, ata yon ti bout papye vyèj ke plim nan tap eseye kreve ak de ti mo twa pawòl

Sou beton Pòtoprens, tranbleman-d tè pase, alarive li pote ale tout sa-n te genyen. Sa-l kite? Yon ti gout lawouze douvanjou nan mitan de fant dwèt mwen ak yon ti moso lalin ki tap voye  yon ti ponyen limyè nan mitan lanwit la, jous nan batan fenèt la, lè lanp tèt gridap la te fin tenyen

Sou beton Pòtoprens, tout vye rèv yo jouke antre jous nan rèv nou, nou sispann reve, rèv nou anchennen, rèv nou marye, rèv nou ligote, mare nan fisèl, tankou vye bèf chenn yap mennen labatwa,  rèv nou minote yon kote, yon kote, nou pa menm konnen pouki, nou pa janm konnen si se isit oubyen pa bò lòtbò, si se kounyè a oubyen si se depi byen lontan

Adje !

Ayiti inosan mesye, Ayiti gen pou-l sispann benyen nan san, Ayisyen gen pou yo sispann peye pou sa yo pa fè, paske : pa gen sekrè-k kache k-pap devwale, yon jou sekrè gen pou tonbe tankou grenn lapli sou plas piblik, sekrè gen pou sove tankou prizonye-k evade

Sou beton Pòtoprens nou wè, se tout yon kawo twa degout anmè kouwè fyèl, tankou yon match bòskè nou K.O, nou tonbe, kanmen-m nou leve kanpe pou nou ka retonbe pi rèd, match la di, li dire, li pi di atò lè nap bokse raj nou, lè kout pwen-n ap tonbe nan levid pou vide tout mwèl sèvo nou atè

Sou beton Pòtoprens
Tranbleman-d tè pase
Epi…
Beton
Beton nan zokòkòlòs tèt mwen
Retire tout memwa-m
Ou ta di de (2) tete fanm yo tòtòt byen tòtòt.-

Happy
0 0 %
Sad
0 0 %
Excited
0 0 %
Sleepy
0 0 %
Angry
0 0 %
Surprise
0 0 %
Thélyson Orélien

Poète, romancier, chroniqueur et critique. Passionné par l'écriture, j'explore à travers ce blog divers sujets allant des chroniques et réflexions aux fictions et essais. Mon objectif est de partager des perspectives nouvelles, d'analyser des enjeux contemporains et de stimuler la pensée critique. (Photo : François Couture)

Share
Published by
Thélyson Orélien

Recent Posts

La littérature, ou la liberté sans laisse

Il faut cesser de parler de littérature comme d’un supplément d’âme pour sociétés policées. La…

16 heures ago

La patience des pages

Il y a quelque chose d’un peu étrange, presque ironique, dans la vie d’un écrivain…

1 mois ago

La bibliothèque qui ne brûlera jamais

« En Afrique, chaque fois qu’un vieillard meurt, c’est une bibliothèque qui brûle. » Amadou…

2 mois ago

Ça finit quand, toujours ? : Le livre qui rallume le souffle

L’autre soir, j’ai écrit à Samuel. Samuel Dauphin, le poète, resté là-bas, en Haïti. Tu…

2 mois ago

Une Amérique au pluriel

Il y a deux types de liturgies modernes : celles du dimanche matin, et celles…

2 mois ago

Avant la chaîne, il y avait un monde

Il y a quelques hivers, dans un café nord-américain où l’on entre comme on entre…

2 mois ago